Sie befinden Sich nicht im Netzwerk der Universität Paderborn. Der Zugriff auf elektronische Ressourcen ist gegebenenfalls nur via VPN oder Shibboleth (DFN-AAI) möglich. mehr Informationen...

Details

Autor(en) / Beteiligte
Titel
AN N BATI LEKÒL TÈT AN WO: LANG MANMAN, PEDAGOJI AK TEKNOLOJI KÒM ENGREDYAN FONDAL NATAL POU YON CH ANJMAN RADIKAL
Ist Teil von
  • Journal of Haitian studies, 2018-10, Vol.24 (2), p.114-124
Ort / Verlag
Santa Barbara: Journal of Haitian Studies
Erscheinungsjahr
2018
Link zum Volltext
Quelle
Alma/SFX Local Collection
Beschreibungen/Notizen
  • Se Sosyete Lengwistik oz Etazini ("Linguistics Society of America"), ki se pi gwo asosyasyon entenasyonal pou lengwistik, ki pibliye jounal sa a. Rezon prensipal ki fe n ekri atik sa a pou Journal of Haitian Studies, apre n te fin pibliye atik nan jounal Language la, se paske n vle sevi ak lang kreyol la pou n pataje kek nouvo rezilta travay MIT-Ayiti a ak koleg edikate nou yo ann Ayiti, espesyalman sila yo k ap travay kou Met Jan Jak pou yo chanje eskanp figi lekôl nan peyi a. Epi tou, analiz ki nan atik sa a antre direk direk nan yon deba manch long ki te komanse depi le ewo nasyonal yo te lanse konba liberasyon pou endepandans peyi d Ayiti. Se kon sa tou Jean-Price Mars te vin goumen kont sa l te rele "bovaris kolektif"-ki vle di: yon fenomen kote Ayisyen ki we tet yo kom gran save ap aji kom si yo se blan franse ki gen po nwa (sa fe n sonje analiz ki nan liv Frantz Fanon ki rele Peau Noire, Masques Blancs). Nan ka Ayiti, rechech nou sou "twa woch dife" sa yo fet nan kad yon sistem edikasyon ki pote mak kolonyal "lekol tet an ba" kote franse sevi kom lang prensipal nan anseyman (sitou nan materyel ekri ak egzamen) malgre se yon ti pousantaj zuit popilasyon an ki pale franse fen e byen. 4 Epi tou, ki jan anseyman S.T.En.M. an kreyol ka ede nan kore lang sa yo ki toujou anba prejije kolonyal? KONTEKS ISTORIK E AKADEMIK INISYATIV MIT-AYITI A Alekile, gen anpil rechech nan syans edikasyon k ap evalye jefo k ap fet tou patou sou late beni pou demokratize edikasyon, pa selman nan kek grenn sal klas kek kote, men, nan yon pespektiv global gras a entenet ansanm ak platfom nimerik ki djanm tankou MITx ak EdX.5 Jefo sa yo chita sou pedagoji ak teknoloji moden k ap kreye nouvo zouti pou aprantisaj aktif.
Sprache
Haitian; Haitian Creole
Identifikatoren
ISSN: 1090-3488
eISSN: 2333-7311
Titel-ID: cdi_proquest_journals_2350330795
Format
Schlagworte
Caribbean studies, Language

Weiterführende Literatur

Empfehlungen zum selben Thema automatisch vorgeschlagen von bX